Nouvo Dirèktè depatman Kès Asistans Sosyàl Nòdwès la promèt transparans ak onètete kòm jèn

Share:
TRiboLAND

03 – 30 – 2025

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan objektif pou fè sonje ke mo “transparans ou onètete” toujou egziste anndan peyi Dayiti, nouvo direktè depatmantal Kès Asistans Sosyàl (KAS) Nòdwès la, Wadnel Francois voye yon nòt remèsiman bay tout moun ki te patisipe ou sipòte li nan seremoni enstalasyon li nan dat ki te 28 mas 2025 lan nan vil Pòdpè.

Nan nòt sila, mesye Francois rabat pou li raple ke li vle klè ak tout moun; patikilyèman jèn nan peyi a, ke pòs li aksede a pa pou li. Sitou nan tan sila, se pa bagay ki fasil pou yon jèn arive nan yon pozisyon parèy. Kidonk, nenpòt ki rezilta kapab genyen gro enpak sou jenerasyon pa li a.

Francois rete kwè ke li dwe bay rezilta eskonte, yon fason pou fè diferans lan nan sans pozitif. Nouvo alatèt KAS la, kontinye remèsi e raple tout moun ki kwè nan li yo, fè reyèlman yon chwa entelijan; e tout sa ki pa kwè yo kapab arive aprann anpil sou kalite konpòtman ke li pral afiche nan yon parèy pòs.

“Mwen ban nou garanti ke mwen antre nan pòs sila ak men mwen e pòch mwen byen pwòp, e map sòti men e pòch byen pwòp”, daprè nouvo direktè a ki tap depoze. Ke mesye Francois double vijilans ak yon seri raketè, chat, kriminèl ou kòriptè ke depatman an deja bay kanè; e ke li sèvi ak dezonètete klik amoral sa yo kòm metrik disiplin ki kapab ede li pa desevwa fanmiy, zanmi e popilasyon Nòdwès la!

Nan sans sa, anpil moun pran nòt sou gro deklarasyon Wadnel Francois yo; yo tou senpleman ap rete chita tann li nan kafou listwà.

Share:

Leave a reply