Yon gwo mapou nan levanjil la tonbe ankò nan Pòdpè : Sè Telina Jn Baptiste

0 674


Li pa yon sekrè pou pèsonn pou ta louvri yon ti listwa sou pèsonaj sa a ki te rele “Telina Jn Baptiste” ke tout moun te konn souvan rele Sè Te. Li te yon sèvant Bondye, ansyen monitè lekòl dominical pou yon jenerasyon ki nan laj 40 lane jounen jodi-a. Sè Te, te genyen pwòp fason li pou li te fè evanjelizasyon. Tou timoun nan vil Pòdpè te reyalize ke Sè Te te repwezante anpil pou yo: swa nan montre yo vèsè biblik oubyen chante ak yo.

Sè Telina Jn Baptiste, mouri Mèkredi 10 Jwiyè 2019


Sè Te te konn fè toune misyonè chak samedi nan vil Pòdpè. Li te konn vizite diferan katye pou fè ti sèvis an plen nè ak ti moun. Sa fè-m sonje tout ti reyinyon li te konn vinn fè sou katye kote-m te abite-a. Sèvant lan te toujou ap pale kòman nou dwe obeyi e mache sou lòd paran nou epi se la a tou li te montre nou yon ti chante : “Jezi renmen tout timoun yo”.

Travay misyonè Sè Te-a chak Samdi, te toujou genyen yon diplis ladan-l. Pou li te ka atire anpil ti moun sou chak katye, li te toujou mache ak yon ti pake sirèt. AHHHHHHHH! Sa, se te yon supèb estrateji! Sevre, gen ti moun ki konn rete nan reyinion yo se pou tande pawòl la e aprann ti chante; sepandan, gen nan yo tou, se ti grenn sirèt la kite konn plis enterese yo. Sè Te pat genyen pitit pou tèt li; men sa pat anpeche li te genyen atravè ministè li, yon pakèt pitit lòt moun ki te toujou wè nan li yon manman e benefisye enstriksyon kretyènn nan men-l.

Tan ale, tan vini, Sè Te toujou vle fè tout sa ki dwat devan Bondye. Li te toujou trè konsilyan nan rapò li avèk lòt moun. Fwanchman, anpil moun ke mwen konnen, te toujou renmen wè li; paske li te toujou respekte tèt li, li te jwenn an retou anpil admirasyon ke anndan legliz oubyen deyò. Ministè Sè Te-a sove yon pakèt timoun ki vinn jodi-a granmoun ki itil popilasyon Pòdpè-a e ki kontinye ap mache selon pweskri biblik yo.

Konsa, ou pwal vinn jwenn yon Sè Te ki vinn nap antre nan laj ki bay nesans a maladi tout kalite demanjezon doulè rimatis; tanto se ak baton lap mache oubyen jenou mare. Anfen, fè tan kite tan! Laj vinn trayi sante-a! Sè Te di monn nan orevwa Mèkredi ki te 10 Jwiyè-a, nan lopital Imakile Konsepsyon, Pòdpè. Lite gen 87 lane. Fwanchman se yon lòt mapou ki tonbe! Yon sèvant Bondye, yon pwofesè, yon konseye de gras, yon dam misyonè, yon pitit fi vil Pòdpè, kap difisil pou anpil moun bliye! Se yon gwo kou pou kominote eklesyastik-laKe nanm li repose an pè.

Seremoni finèb Sè Telina Jn Baptiste ap chante nan Legliz Batis Eben-Ezè, Pòdpè Samdi kap 27 Jwiyè, 2019.
Eta Florid, Ferdieu Claude, TRiboLAND

Leave A Reply