Pòdpe an dèy: Mackenson Jeanty mouri aprè yon grav aksidan motosiklèt

10/12/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Mackenson Jeanty rann dènye souf li nan lopital Beraka, Lapwent, samdi pou rive dimanch 11 oktòb 2026 la, aprè li te fin viktim yon grav aksidan sikilasyon nan zòn Pon Manriboul, nan vil Pòdpe, nan kòmansman wikenn pase a. Aksidan an te fèt nan anviwon 11è nan lannwit, daprè enfòmasyon ki disponib yo.
Selon temwayaj yon moun ki te sou plas la, Mackenson Jeanty te pèdi anpil san touswit aprè kolizyon an, ki te enplike de motosiklèt. Malgre yo te transpòte l lopital nan espwa pou l te jwenn swen ki nesesè yo, li pa t rive siviv blesi li te pran yo.
N ap raple Mackenson Jeanty te konn travay nan Tribinal Premyè Enstans Pòdpe a kòm mesaje. Lanmò li reprezante yon pèt pou fanmi li, pwòch li ak moun ki te konn travay avè l. Pandan fanmi an ap travèse moman difisil sa a, sikonstans trajik lanmò li raple nesesite pou tout moun rete vijilan sou wout yo pou evite lòt aksidan ki kapab lakòz pèt lavi.






