Nòdwès: Biwo Senatè Evallière Beauplan distribye yon pakèt gwo chato dlo ak latriye lòt materyèl sanitè; yon don ki fè sans!

0 1,764

Nan sousi pou ede popilasyon Nòdwès la pwoteje tèt li kont Kowonaviris la, Biwo Senatè Evallière Beauplan nan tèt kole ak MOLHA, fè premye distribisyon li nan kad batay kap mennen kont Covid-19 la.

Devan lapwès pale, televize ak sa ki anliy, jounen dimanch 26 Avril 2020 an, plis pase 6 mil mask, 43 kès klowòks, akwatab, 12 kès megafòn (chak gen 10), 22 kès Sanitizer ak 50 chato dlo ki kenbe 125 galon pou distribye annatandan nan depatman Nòdwès la.

Don materyèl sanitè pou konbat kovid-19 nan Nòdwès – MOLHA/Biwo Senatè Evallière Beauplan


Anpil Òganizasyon jènn ki te deja antre nan batay la, resevwa yon lo nan materyèl sa yo pou yo ka kontinye fè travay sansibilizasyon an sou teren an.

Nap raple chato dlo yo prale sou kontwòl otorite lokal yo (majistra, CASEC, delege vil ak ASEC) pou yo ka rive byen desèvi popilasyon an. Gen gwo dispozisyon ki deja pran bò kote otorite lokal yo ak Sosyete Sivil Nòdwès la pou pèmèt chato yo toujou gen dlo pou popilasyon an ka respekte règ ijyèn yo.

Se yon premye pa, gen anpil lòt akonpayman kap vini. Nap mande popilasyon Nòdwès la poul rete vijilan, aplike prensip ijyèn yo, se mèt kò ki veye kò!

Leave A Reply