Manmlad: Chofè taksi moto bloke wout Platon pou denonse sa yo konsidere kòm abi polisye

87
0
Share:
TRiboLAND

10/12/2026

Manmlad, Ayiti _____(TRiboLAND) Gwo tansyon te pete sou wout Platon, nan komin Manmlad, jodi lendi 12 oktòb 2026 la. Daprè enfòmasyon sal redaksyon TRiboLAND jwenn, se chofè taksi moto yo ki bloke wout la pou pwoteste kont fason yo di kèk polisye ap maltrete yo pandan y ap egzèse aktivite pwofesyonèl yo. Mouvman pwotestasyon sa a vin kreye gwo boulvèsman nan sikilasyon an nan komin nan.

Selon temwayaj plizyè chofè moto, polisye k ap travay nan komin Manmlad yo ta itilize pouvwa yo pou sezi motosiklèt yo, menm lè chofè yo deklare yo genyen tout dokiman legal ki nesesè yo. Yo denonse tou lòt egzijans yo di kèk polisye ap enpoze sou yo, anplis obligasyon legal Leta prevwa pou sikilasyon motosiklèt yo.

Chofè taksi moto yo fè konnen yo pap sispann mobilizasyon an toutotan otorite konsène yo pa pote yon solisyon ak pwoblèm y ap denonse yo. Pandan sitiyasyon an ap kontinye frajilize sikilasyon sou wout la, yo mande pou responsab yo entèvni san pèdi tan pou tabli dyalòg, klarifye règ ki aplikab yo epi mete fen nan yon seri pratik yo konsidere kòm abi.

Share:

Leave a reply