Pòdpè Aksyon sitwayèn : Yon chofè taksi moto onèt e yon grefye malonèt nan rakèt

435
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti ______(TRiboLAND) Elinès se non yon chofè taksi moto nan vil Pòdpè, ki te pote yon sak pwovizyon alimantè pou yon pasajè. Chofè a ki pèdi adrès yo te ba li a, oblije al remèt sak la nan Tribinal de Pè Pòdpè a, mèkredi aprè midi 25 jen 2025 lan.

Yon aksyon sitwayèn, ki te pèmèt plizyè moun nan tribinal la bat bwavo pou Elinès. Si gen anpil chofè moto ki sijè kritik akoz zak malonèt yap poze, gen anpil nan yo ki respekte tèt yo, se deklarasyon kèk temwen ki tap tante foure bouch nan nannan koze a.

Yon aksyon ki te egalman sisite kòlè plizyè Jiris, aprè yon grefye te mande chofè onèt la 500 goud pou senpleman verifye sa ki nan sak la. “Ou pap bay yon goud, o kontrè se felisite grefye a te dwe felisite-w pou ak grandè sila”, se deklarasyon Mèt Maxo Noël ki denonse jwèt eskanmòtè grefye malonèt kap benyen nan rakèt.

Share:

Leave a reply