Pòdpè : Komisè Gouvènman Jeir Pierre lanse manda dèyè yon swadizan apantè nan dosye volè tè

05/07/2026
Pòdpe, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan kad batay kont kesyon volè tè k ap pran anplè nan vil Pòdpe, Komisè Gouvènman an, Jeir Pierre, mete manda dèyè yon nonm ki rele Abé Isnel, otorite jidisyè yo prezante kòm yon fo apantè. Selon enfòmasyon ki disponib yo, mesye a t’ap fè tèt li pase pou apantè depi ane 1987 san li pa’t genyen okenn otorizasyon legal pou pratike metye a.
Daprè sous jidisyè yo, ankèt ki ouvri sou dosye a fè konnen Abé Isnel ta enplike nan plizyè tranzaksyon ak dosye limit tè ki konteste nan diferan zòn nan vil la. Plizyè sitwayen deja pote plent kont swadizan apantè a pou zak fo, abi konfyans ak patisipasyon nan konfli tè ki lakoz anpil tansyon ant fanmi ak pwopriyetè nan kominote a. Komisè Jeir Pierre fè konnen lajistis pap tolere okenn moun k ap sèvi ak fo kalite oswa fo dokiman pou twonpe popilasyon an.
Otorite jidisyè yo lanse yon apèl ak tout moun ki ta viktim oswa ki genyen enfòmasyon sou aktivite Abé Isnel pou kolabore ak lajistis yon fason pou ede avanse ankèt la. Dosye volè tè yo kontinye reprezante youn nan gwo sous konfli nan depatman Nòdwès la, sitou nan vil Pòdpè, kote anpil sitwayen konn denonse kesyon fo papye ak fo arpentaj k’ap fèt sou pwopriyete prive yo.
Antouka, sitiyasyon vòlè tè atravè peyi a, pa kite Nòdwès endiferan. Avoka, ansyen senatè ak depite, arpantè, pastè, komisè gouvènman, dwayen, jij, notè e latriye, yo tout chanpyon nan eskanmòtè nan kad fè fo papye pou akapare tè malere. Anpil nan yo soti lòt kote e yo anvayi vil Podpè. Yo enstitisyonalize yon kò mafya ki pran lajistis annotaj. Bondyé, ki lè ap genyen yon mouvman bwa kale ou yon netwayaj e triyaj sistematik kad ki pwòp nan Nòdwès peyi a, daprè plizye viktim ki pa kwe nan jistis vwa dlo Nodwès la.






