Malfrachyen fè masak nan Malik : yon latriye moun mouri e blese ak plizyè machin ensandye.

1,408

03-17-2023

Petyonvil, Ayiti_____(TRiboLAND) Rezidan nan Petyonvil pase move moman yon lòt fwa ankò jodi vandredi aprèmidi 17 mas 2023 a. Selon enfo yo, bandi sangwen ame teworize abitan nan Petyonvil. Aprè atak nan zòn Dièg kote ke yo anrejistre plizyè sitwayen ki jwen lanmò yo anba men malfrachyen; yon lòt masak prodwi fwa sa nan lokalite ki rele Malik nan Petyonvil.

Bandi san manman simen gro laterè yon lòt fwa ankò! Tout aprèmidi vandredi 17 mas la, kadav te epapiye nan plizyè ryèl nan Malik, san konte yon latriye machin ke sangwen yo ensandye, daprè yon seri video kap fè laviwonn dede rezo sosyal yo ki mete Ayiti ajenou.

Absans fòs lòd, viktim yo pa konnen ki sa yo fè y’ap peye, anba men yon seri malfrachyen ki detèmine pou egzekite piti tè peyi chak jou ki jou. Sèten sèktè lonje dwàt sou group gang malfrachyen Vitelhomme Innocent ki te deja antisipe yon parèy masak basen san.

Comments are closed.