Janrabèl : Fondasyon Joseph Jean Wislet ranfòse kapasite elvè yo atravè yon fòmasyon sou elvaj nan Ginode

154
0
Share:
TRiboLAND

07/27/2026

Jan Rabèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Fondasyon Joseph Jean Wislet òganize yon sesyon fòmasyon sou elvaj nan 2èm seksyon Ginode, nan komin Janrabèl, ak objektif pou ranfòse kapasite elvè yo epi ankouraje pi bon pratik nan domèn pwodiksyon bèt. Aktivite a te reyini plizyè dizèn elvè ak manm kominote a ki te vin resevwa fòmasyon sou teknik modèn pou pran swen bèt yo, prevni maladi, amelyore pwodiksyon ak jere aktivite elvaj yo yon fason ki pi efikas.

Pandan entèvansyon li, Prezidan Fondasyon an, Joseph Jean Wislet, te souliye enpòtans fòmasyon nan devlopman peyi a. Li fè konnen se pa ti asistans finansye ki kapab transfòme lavi moun, men pito konesans ak vizyon. « 1 000 goud pa ka chanje lavi yon moun; se vizyon ki chanje lavi moun », se youn nan mesaj fò li te pataje ak patisipan yo. Daprè li, fòmasyon sa yo se yon envestisman dirab ki kapab ogmante pwodiksyon agrikòl ak elvaj, tout pandan y ap amelyore kondisyon lavi fanmi yo.

Patisipan yo te eksprime satisfaksyon yo devan inisyativ sa a, pandan yo te remèsye Fondasyon Joseph Jean Wislet pou angajman li anvè devlopman kominote a. Yo lanse yon apèl pou kalite fòmasyon sa yo kontinye òganize nan lòt lokalite nan komin Jan Rabèl, paske yo kwè yo reprezante yon zouti enpòtan pou modènize elvaj, ankouraje otonomi ekonomik epi kontribye nan devlopman dirab zòn nan.

Share:

Leave a reply