Dirijan sangwen ayisyen kontinye fèmen je yo e kite kraze sou pye yon latriye pwojè Jovenel Moise ki merite inogire atravè peyia

10 – 23 – 2024
Jan Rabèl, Ayiti_____(TRiboLAND) Dirijan salòp ak politichyen kriminèl prefere ki te yon latriye pwojè ki konplètman fini nan objektif pou fè popilasyon anyisyèn kontinye soufri. Kòmanse sou prizon, lekòl rive jous nan izinn elektrik, yo tout kontinye ap tonbe andelabweman anba je swadizan otorite malpwòp ki detèmine pou kontribwe nan efondreman sosyete ayisyènn nan.
Moun nan komin Jan Rabèl tankou nan diferan lòt rejyon nan peyi Dayiti kontinye mete men nan machwè lè yo ap konstate bèl pwojè ke defen pwezidan Jovenel Moise te inisye yo, ap pèdi pye. Yo pran egzanp, lise Jovenel Moise la nan Mòn Ron, deja ap kouri prèske sou twa lane depi li pap fonksyone, alòske popilasyon an nan rejyon avwazinant yo, ap plonje nan dezespwa e mache yon katafal kilomèt pou boske moso penl enstriksyon.
Leta peyi nou mechan ak tout politichyen kòwonpi ki piye peyia, merite pann sou plas piblik. Se tout yon politik sal e sangwen ki dèyè yon parèy konpòtman yon seri otorite afiche, ki ta sanble genyen yon kwomozòm anplis ou an mwens. Genyen bagay, se nan dòmi pou lòt sosyete atravè monn lan asèpte yo! Se sa ki rele “Leta teworis ak politichyen ou richyen sadik ou kriminèl ki òganize yo atravè yon sistèm newokolonyàl pou disparèt Ayiti”.
Jovenel Moise, mal kon mizè arive dote peyia avèk yon latriye pwojè ki genyen nen nan machwè pou popilasyon an. Sepandan, kriminèl ayisyen ki pa genyen kè ayisyen, kite tout akonplisman sa yo volontèman ap piye e kraze nan non mechanste ak enbesilite. Tout krim sa yo antre nan yon kad pou ekstèmine pi byen popilasyon ayisyènn nan, kap moute ma swife chak jou ki jou e menm ale nan repiblik dominikèn pou moso enstriksyon.







TRiBoLAND Mont-organise