Nòdwès: Larezèv, 3e seksyon kominal Jan Rabèl abandone e meprize

283

10\13\20

Larezèv _____(TRiboLAND) Larezèv, 3è seksyon kominal Jan Rabèl, depatman Nòdwès, se yon seksyon ki chita sou 11 abitasyon; li gen anviwon 23 510 moun kap viv ladan l e distans li se 19 kilomèt kare.

Kowòdonatris KASEK ansanm ak ASEK zòn saa, respektivman madàm Mirlande Mirtyl ak Gladys Valmont, drese yon tablo tris popilasyon saa ap fè fas akoz neglijans gouvènman pase yo kont seksyon an.

Mirlande Mirtyl, KASEK

Numéro #1 seksyon an, Mirlande Mirtyl, fè konnen se yon seksyon ki abandone e ki p ap administre ditou. Pouvwa santral pa janm vin founi je gade yon mannyè pou l ka konnen pwoblèm majè k ap sakaje labile peyizan yo tankou: pwoblèm santé, edikasyon, ensekirite, dlo potab, ……….. pou n site sa yo sèlman.

Kanta ASEK la, madàm Valmont Gladys, li ale pi lwen pou di: latè pa vle pwodwi ankò. Yo nan moman plantasyon men yo pa kapab plante. Lapli pa tonbe alòske sechrès k ap taye banda nan tout seksyon an lakoz tout sa peyizan yo te plante disparèt anba flanm solèy. ASEK la kontinye pou l di, pa gen wout; yo oblije pakouri 2 a 3 èdtan apye avan pou yo rive nan bouk Jan Rabèl.

Bagay ki pi frapan an: moun ak zannimo bwè dlo menm kote. Timoun yo pa kapab ale lekòl akoz pri lekòl prive yo ki monte tèt nèg. Pwofesè lekòl piblik yo ki dekouraje, oblije rete chita lakay yo akoz yo pa jam touche yon goud nasyonal nan men mouche Leta. Sitiyasyon saa lakoz jenès la, kèlkeswa nivo etid li, oblije lage l nan fè taksi motosiklèt oswa jete l nan peyi vwazen pou al chèche lavi miyò. Pafwa gen anpil pami yo ki konn viktim.

Kowòdonatris KASEK Pati Renmen Ayiti a, madàm Mirlande Mirtyl ansanm ak ASEK PHTK a, madàm Gladys Valmont mande pou gouvènman an, patikilyèman prezidan repiblik la, Msye Jovenel Moïse voye je sou Larezèv, 3è seksyon kominal Jan Rabèl, depatman Nòdwès, yon Seksyon pita va pitris sitoutfwa otorite yo nan peyi dayiti kontinye inyore egzistans li.

Larezèv, Jan Rabèl
Saint Jean Wiskis

Comments are closed.