Yon kri pou sove patwimwàn kiltirèl vil Jeremi.

10 – 11 – 2026
Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Divès sitwayènn, sitwayen leve vwa yo ansanm pou yon apèl solidarite pou sove patwimwàn kiltirèl vil Jeremi ki dejou an jou ap disparèt; daprè moun sila yo, ansyen kay sila yo ki konstwi depi anviwon desan lane ke anpil moun konsidere kòm kay kolonyal ansètral, se yon veritab eritaj ke leta ayisyen ta dwe pwoteje.
Konsta obsèvatè yo montre a klè, kòman siklòn Matye 3 – 4 oktob 2016 lan ak tranbleman tè 14 dawout 2021 an te ravaje enfwastrikti vil Jeremi; kote ansyen konstriksyon yo an majè pati te andomaje. Konsa, anpil nan espès ki te toujou estimile vizit touristik nan site poèt la, te andomaje ou efondre.
Fas a konsta sa yo, diferan kouch sosyal nan sosyete jeremyènn lan fè konsènan degradasyon patwimwàn kiltirèl vil Jeremi an, fè apèl ak konsène yo pou degaje yon devwa sivik ki baze sou menm enterè pou sove ti rès ponyen patwimwàn kiltirèl site poèt la nan Grandans peyi a.






