Kasèk Derisma, kasèk 6e seksyon Polen-Lakòn eksplike TRiboLAND.com ki sa ki lwazi jènn nan kanton an.

Polen, Ayiti______(TRiboLAND) Polen-Lakòn, se 6e seksyon kominal Pòdpè, depatman Nòdwès peyi Dayiti. Li gen plis pase 20,000 kretyen vivan k’ap viv nan rejyon an ki pa lwen vil Pòdpè. Majorite nan yo se jenn. Anpil nan jenn sa yo, se elèv lekòl, inivèsitè, pwofesyonèl ki toujou sou kont paran yo akoz sitiyasyon ekonomik peyi a.
Nan deklarasyon kasèk seksyon an, Jimmy Derisma fè sou TRiboLAND.com, li fè konnen, Leta sangwen sila pa kreye anyen pou jenn yo antèm detant ou lwazi. Se inikman ladrès ak bònn volonte sitwayen yo ki arive kreye distraksyon atravè chapyona foutbòl, òganizasyon piknik sou plaj anwsit divèstisman restoran dansing lokal yo.
Jimmy Derisma kontinye pou’l di Foutbòl la se pi gro amizman pou jènn yo atravè òganizasyon chanpyona vakans, nan seksyon an. Konsa, kasèk Derisma tou pwofite fè apèl a volonte tout komèsan yo, Ministè Jenès Espò pou esponsorize nouvo chanpyona dete yo ki pral demare anvan lontan.






