IBESR ak Pakè Pòdpè Anonse Mezi Fèm pou Pwoteje Timoun ak Jèn yo nan Nòdwès

01/08/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan lide pou konbat delenkans jivenil, pwoteksyon moral timoun ak koripsyon jèn yo, Enstiti Byennèt Sosyal ak Rechèch (IBESR), atravè Biwo Rejyonal Nòdwès la, an kolaborasyon ak Pakè Pòdpè, pibliye yon avi enpòtan ki anonse plizyè mezi sevè pou regle konpòtman ak aktivite ki konsène timoun ak minè yo nan depatman an.
Dapre nòt sa a, otorite yo vize mete plis kontwòl sou anviwònman sosyal kote timoun ak jèn yo ap evolye, pou limite pratik ki ka mete avni yo an danje. Mezi sa yo antre nan kad respè dwa timoun, disiplin sosyal ak sekirite piblik.
Plizyè entèdiksyon klè etabli nan dokiman an, pami yo: entèdiksyon pou elèv fè lekòl buissonnière pandan lè klas yo, entèdiksyon pou minè patisipe nan aktivite lannwit san yo pa akonpanye ak paran yo, entèdiksyon pou machann vann bwason alkoolize, sigarèt ak chicha bay moun ki poko gen 18 an, entèdiksyon pou bwat lannwit, diskotèk ak otèl akeyi minè. Responsab yo oblije mande kat idantite (CIN) oswa paspò pou tout aksè sèvis, entèdiksyon pou restoran, diskotèk, otèl ak espas ki gen pisin kite timoun ki pa akonpanye ak paran yo antre, entèdiksyon pou lekòl òganize program, jounen rekreyatif oswa piknik san prezans omwen de (2) manm direksyon an, entèdiksyon pou chante endesan, itilizasyon alkòl, sigarèt ak chicha pandan aktivite lekòl yo.
IBESR, ki sou direksyon kowòdonatè rejyonal la, Me Gamas Estimond, ansanm ak Pakè jiridiksyon an, ki gen nan tèt li Me Jeir Pierre, yo pral travay nan tèt kole ak fòs lòd yo, yon fason pou fè mezi sa yo respekte.
Nenpòt moun oubyen enstitisyon ki pa obeyi dispozisyon yo, ap sanksyone trè sevè. Epi pwofite mande : paran, direktè lekòl, pwopriyetè biznis ak tout manm sosyete a pou kolabore nan aplikasyon mezi sa yo, nan enterè siperyè timoun ak jèn yo.






