Reprezantan COSNO a drese yon tablo dlo nan je sou sityasyon komin Jan Rabèl

3,033

03/04/2022

Jan Rabèl, Ba Nòwès_____(TRiboLAND) Reprezantant konfederasyon òganizasyon sosyete sivil la nan Nòdwès, Madam Étienne Roselène drese yon tablo malouk e melankolik sou sityasyon komin Jan Rabèl.

Pou li menm, depatman Nòdwès la divize an de moso akòz sityasyon wout la ki vrèman makawon. Li kontinye poul di, nan nivo kritik wout la twouve l la, menm kabrit pa ka sikile vwa pou kretyen vivan.

Sityasyon wout la dapwè li menm deja lakòz divès fanm ansent pèdi lavi yo paske komin yap viv la pa gen enfrastrikti sanitè; referans yo se nan lopital imakile nan pòdpè oubyen nan lopital Beraka.

Pou madame nan, yo pa konn ki sen pou yo rele akòz tout aktivite yo depann de site Kapwa Lamò a malerezman twonson wout Pòdpè Jan Rabèl la rete kòm yon pyè achòpman.

Yon lòt bò, Madame Étienne Roselène fè konnen nan komin Jan Rabèl pwodui premyè nesesite yo monte tèt nèg, grangou mare sosis li ak lavi chè, krityen vivan ap pase 2-3 jou san yon ti moso “chyen janbe”, raze achte komin san lajan san konte absans travay poun site sa yo sèlman.

Nan sans sa a, reprezantant COSNO a mande ak otorite yo lokal e nasyonal yo ki sa egzakteman yo vle fè ak peyi sa. Yo envite say o ki responsab anndan sosyete a pou mete men nan pat la prese, prese yon mannyè pou rive wè nan ki fason yo kapab pote yon tikal espwà atravè yon tikal solisyon paske pèp ba nòdwès la vrèman, vrèman e vrèman alagoni.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.