Vis-Delege Awondisman Pòdpè a anba kritik pou deklarasyon ak piblikasyon li sou rezo sosyal yo

09/30/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Depi prestasyon sèman li kòm Vis-Delege awondisman Pòdpè a, yon responsab anpil moun konnen sou non Don Roro, plizyè sitwayen ap swiv avèk atansyon fason li ap prezante tèt li ak fason li kominike sou rezo sosyal yo. Daprè kritik ki ap sikile, olye pou li konsakre premye moman li yo nan fonksyon an e pou li familyarize li ak misyon, atribisyon ak limit legal pòs la, li souvan chwazi fè deklarasyon sou Facebook ki soulve kesyon ak reyaksyon nan mitan popilasyon an. Genyen nan deklarasyon li yo kote li te prezante tèt li kòm Vis-Délégué depatmantal, pandan li t ap pale sou fason yon moun rive nan kèk gwo responsablite nan administrasyon piblik la.
Sitiyasyon an vin pran plis anplè akoz kèk piblikasyon li fè sou Facebook ki te choke oswa fè plizyè sitwayen reyaji. Nan youn nan mesaj yo, li te itilize yon ekspresyon kote li di li rayi Pòdpè, pandan nan yon lòt li te fè referans ak moun ki grangou. Pawòl sa yo, sitou lè yo soti nan bouch yon responsab piblik ki sipoze sèvi yon kominote, bay plas pou divès entèpretasyon ak kòmantè. Nan yon moman kote Pòdpè ak tout depatman Nòdwès la ap fè fas ak anpil difikilte, anpil moun estime kominikasyon yon otorite ta dwe chita sou respè, mezi, responsabilite ak sans sèvis piblik.
Kòm yon moun ki soti nan zòn Gran Tiyo, nan Ri Dimassai Estimé Pòdpè, Don Roro antre nan yon fonksyon ki mande plis pase prezans sou rezo sosyal yo. Eksperyans nan administrasyon piblik mande pou moun nan konnen tèks ki defini fonksyon li, konprann chèn administrasyon an epi aprann anvan li pran pozisyon sou dosye ki depase konpetans li. Kritik ki fèt kont li yo pa nesesèman dwe konsidere kòm yon kondanasyon pèsonèl, men yo kapab sèvi kòm yon rapèl sou nesesite pou nenpòt nouvo responsab piblik mezire pawòl li, respekte fonksyon li epi mete aksan sou travay li olye de polemik. Nan yon kontèks konsa, aprann, obsève epi konprann fonksyon an anvan pale ta ka ede Vis-Délégué a evite konfizyon epi ranfòse kredibilite li devan popilasyon an.






