Ajan minisipal Tigwav, Férus Benis mete anba kòd 2 prezime kriminèl nan 7èm seksyon lokalite Lefò.

09 – 30 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Luckson alyas “Bebe” ak Léoné alyas Johnny, se non 2 prezime bandi kriminèl ajan polis minisipal Tigwav la, Benis Férus mare kou krab jounen mèkredi 30 septanm 2026 lan. Arestasyon sa a, fèt nan lokalite 7èm seksyon kominal Tigwav, lokalite Lefò.
2 prezime bandi yo espesyalize nan fè vye zak malfektè sou sitwayèn ak sitwayen yo ki pa konnen ki sen pou yo rele. Se konsa, lapolis ak lajistis ta repwoche yo kòm moun k’ap feraye nan divès baz bandi Viv Ansanm yo. Selon lapolis, malfwa sila yo, tanto frape nan baz kriminèl yo nan Pòtopwens, tanto yo nan komin Gresye, tanto yo al tabli kò kriminèl la nan 7èm seksyon kominal Tigwav e teworize peyizan yo.
Luckson ak Léoné ki resevwa anpil pataswel, twouve yo koulya nan prizon sivil jiridiksyon Tigwav la ap reflechi, annatandan y’al repon’n kesyon lajis pou zak yo repwoche yo.






