AMBASAD ETAZINI DAMERIK: KOMINIKE POU LAPRES

520

Nan dat 24 mai 2021

No. 2021/ 08

MISYON ETAZINI NAN NASYONZINI YO

Biwo pou laprès ak diplomasi piblik la

________________________________________

POU DIFIZE IMEDYATMAN

24 me 2021

Rezime yon reyinyon ant Anbasadè Linda Thomas-Greenfield ak Prezidan ayisyen an Jovenel Moïse

Tèks sila a soti nan misyon amerikèn nan, pre pòtpawòl Nasyonzini Olivia Dalton:

Anbasadè Linda Thomas-Greenfield rankontre jodi a ak prezidan ayisyen an, Jovenel Moïse. Li eksprime kokennchenn enkyetid li sou blokaj politik ki gen an Ayiti kounye a, manke responsablite pou kesyon vyolasyon dwa moun ak sitiyasyon sekirite ki vin pi grav. Anbasadè Thomas-Greenfield te note ke jiskaprezan, preparasyon referandòm konstitisyonèl ki pwograme pou 27 jen an pa te ase transparan oswa enklizif, epi li te repete ke Ayiti dwe òganize eleksyon lejislatif ak prezidansyèl lib, jis epi transparan an 2021. Anbasadè Thomas-Greenfield te ensiste ke pèp ayisyen an merite dwa pou chwazi lidè li yo epi pou li gen yon gouvènman kap sèvi li. Prezidan Moïse afime angajman li pou òganize eleksyon nan delè sa a.

Comments are closed.