Selebrasyon Twa (3) lane egzistans Institution Mixte Frère Mathurin (IMFM) nan Pòdpè

519

04/27/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) Institution Mixte Frère Mathurin (IMFM), yon enstitisyon ki fonde nan lane 2018, sou inisyativ prèt Monfòten yo; tousuit aprè retrè yo nan Collège Notre Dame de Lourdes. Jounen madi 27 avril 2021 an, fè enstitisyon an 3 lane depi l ap mete konesans nan tèt tout pitit Nòdwès.

Nan okazyon an, yon gwo mès pou di Granmèt la mèsi, te rive chante, nan Pawas Sen Monfò, ki se katye jeneral prèt Monfòten yo nan Nòdwès. Yon parèy aktivite te benefisye prezans direktè Enstitisyon an, pwofesè Catts Brignold Michaud, direktè pedagojik la, Me Fresnel Jean, paran, pwofesè, elèv, ansyen elèv, pou n site sa yo sèlman.

Prensipal selebran an, Rev. Joseph Love, yon jèn prèt Monfòten ki, nan omeli sikonstsans la, te adrese l dirèkteman ak elèv e pwofesè pou l mande yo suiv tras modèl yo ki se “Saint-Louis Marie- Grignon de Montfort”; yon sen ki toujou mete l bò sa ki pi fèb yo pou fè vanse travay Granmèt la.

Menmjan ak Saint-Louis Marie-Grignon de Montfort ki pa t pè denonse deriv ki te genyen anndan sosyete pa li a. Jèn prèt Monfòten an, estime peyi Dayiti pa gen dirijan. Se bandi, kidnapè ki se sèl kòk chante e se poutèt sa li konseye tout timoun lekòl yo pou yo batay pou yo rive gen yon Ayiti sanfòskote, yon peyi kote tout moun viv tankou frè ak sè, yon peyi poze tankou makafe kote se pa ni bandi, ni chimè, ni kidnapè k ap fè edefè.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.