Core Group reyitere apèl li e ankouraje tout efò trese lèl aktè yo pou yon akò enklizif

1,882

0916/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Nan yon kominike ke li mete deyò mèkredi 15 septanm 2021 an, Core Group ki fòme yon latriye anbasadè asosye tankou Etazini, Almay, Bwezil, Lafwans, Espay ak repwezantan OEA, Inyon Ewopeyèn ak Nasyon Tèt Kole yo, bat men pou ankouraje efò trese lèl Pwemye minis la, aktè politik ak sosyete sivil la ap miltipliye pou jwen yon antant tèt kole ki kapab fasilite enstalasyon yon gouvènman enklizif nan kad fasilite retou fonksyonèl nòmal enstitisyon demokratik yo atravè eleksyon.

Core Group kontinye bat men pou ankouraje tout latriye fòs nan nasyon ayisyèn nan pou yo pran wout dyalòg ki djanm e ki chita sou regleman demokratik yo; konsa, yo ap arive pwoteje yon inite nasyonal e pèmèt peyi a retwouve wout estabilite politik.

Core Group ke ansyen senatè Jacques Sauveur Jean kalifye “Asosyasyon kolon malfektè ki pasispan konpòte yo kòm eli lokal kap rache separe nan peyi Dayiti”, renouvle volonte yo e swete wè genyen bonjan lumyè ki fèt sou asasinay Pwezidan Jovenel Moise la ak pouswit jidisyè kont koupab yo nan respè pwensip lalwà ak larèg.

Comments are closed.