Desizyon otorite yo, nan Jeremi pran an pou gaz pa vann nan perimèt plas piblik lan, kreye plis malmakak ekonomik

899

08- 13- 2023

Jeremi, Ayiti – (TRiboLAND) Aprè kominike ansanm otorite yo nan Jeremi pran, pou entèdi machann gaz anbilan yo ,vann gaz nan perimèt plas Alexandre Dumas a, pou peryòd fèt patwonal vil lan ki se 24, 25 dawou 2023 a, konsekans yo bay tèt fè mal ekonomik.

Yon parèy desizyon, kreye gro malmakak sou fonksyonman sosyete a. Byen avan dispozitif sila, galon gazolinn lan, ki tap vann 650goud, pase 800goud, sa ki fè taksi chofè moto yo ogmante kous yo.

Manm popilasyon an, kalifye desizyon delege depatmantal lan, Agronòm Louissaint Cezar, ak lòt otorite yo, tankou yon desizyon bidon ou tèt pa dwat, akoz yo pa anmezi pou rann gaz yo disponib nan ponp yo.

Comments are closed.