Minis Sandra Paulemont prezide tab depatmantal konsètasyon an nan Jeremi.

59
0
Share:
TRiboLAND

09- 24 – 2026

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Nan sousi pou ede sosyete ayisyènn lan konpwann pi byen wòll ministè planifikasyon ak koperasyon ekstèn (MPCE), minis Sandra Paulemont prezide tab depatmantal konsètasyon an nan Jeremi ki reyini divès manm kolektivite teritoryal yo tankou: majistra kominal, delege depatmantal Grandans lan, twa vis delege yo pou depatman Grandans lan, chèf sevis piblik yo ak reprezan òganizasyon non gouvènmantal yo kap travay nan domèn devlopman.

Minis Paulemont ki te pwan lapawòl nan kad deba sou aktivite yo, te pwofite okazyon an pou esplike wòl ak enpòtans ministè lap dirije a, ki se ministè planifikasyon nan kesyon devlopman Dayiti. Se te moman pou diferan reprezantan komin yo nan nivo minisipalite yo apwann konnen ki pwojè leta finanse nan komin yap administre yo; kòm ekzanp, ajan ekzekitif enterimè komin Abriko a, Séraphin sezi tande genyen 17 000000 goud kite debloke nan trezò piblik pou reabilitasyon tribinal depè komin Abriko a, vwala ke majistra Séraphin di li pat janm okouran yon parèy pwojè.

Bò kote responsab yo nan ministè planifikasyon koperasyon ak koperasyon esktèn, anpil ankourajman ale jwen otorite yo nan Grandans pou al gade sou sit ministè planifikasyon ak koperasyon esktèn ansanm pwojè leta Aysyen finanse pou Grandans lan chak ane fiskal; konsa, y’ap kap genyen enfòmasyon pou kontwole e bay enplikasyon a popilasyon yo .

Share:

Leave a reply