Chanjman nan direksyon depatmantal Sanitè Grandans lan

628
0
Share:
TRiboLAND

03 – 29 – 2025

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Madam Kettelie Bien Aimé, se nouvo administratris direksyon depatmantal sanitè Grandans, ki ranplase nan pòs sila a, Lamard Dorismond ki transfere nan lopital Sen Pyè nan komin Koray.

Nouvo administratris lan, ki te ansyen kontab direksyon depatmantal ministè sante piblik Grandans lan, pwomèt li pwal travay antanke administratris ki pwal pote chanjman sou tout fòm nan systèm sanitè a nan Grandans.

Direktè depatmantal lan ki pwosede ak enstalasyon nouvo administratris lan, deklare ministè a fè chanjman sila nan kad pote chanjman ak rezilta pou amilyorasyon sante popilasyon an e pwomèt tout sipò ministè a nan kad travay administratris la pwal antrepwann.

Share:

Leave a reply