Manm popilasyon an nan Jeremi, katye Vèsay aplike fòmil ‘ Bwa Kale ‘ sou yon pèsonaj ke yo rele Moise Denesse

970

11- 16- 2023

Jeremi, Ayiti – (TRiboLAND) Moise Denesse, se yon residivis ala fwa yon malfektè ke manm nan popilasyon an, nan Jeremi, katye Vèsay enskri nan pwogram “Bwa Kale” jounen jodi jedi 16 novanm 2023 a. sou li.

Selon temwayaj abitan nan Vèsay yo ki viktim anba aksyon malfektè Moise Denesse yo, fè konen misye pwan plezi l, depi l fè lanjelis fènwa, fè mò manyen granmoun, timoun nan zonn lan, e li genyen pwatik itilize poud pou mete fen nan lavi yon latriye moun deja.

Nap raple Moise genyen mwens yon semèn, depi li soti fè prizon, aprè l te fin temwaye ke se li menm ki te fè moun mouri manyen yon jenn fi sou katye a.

Parapò a tout pwoblèm galimatcha sa yo ke popilasyon ap sibi nan Jeremi, kou nan rès komin depatman Grandans lan, òganizasyon dwa moun yo mande komisè Gouvenman pakè Jeremi an, Mèt André Mary Pyram pou di yo mo. ‎



Comments are closed.