CSPJ konteste ekstrade jous nan peyi Etazini 18 akize nan dosye asasina Jovenel Moise la

71
0
Share:
TRiboLAND

09 – 24 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Konsèy Siperyè pouvwa jidisyè (CSPJ) fè konnen li sezi tande gouvènman Alix Didier Fils Aime atravè ministè lajistis, bay lòd pou pou ekstrade 18 moun ke yo akize nan dosye asasina ansyen prezidan Jovenel Moise la nan peyi Etazini Damerik.

Pou CSPJ li pa wè klè; transfè sa yo fèt san otorizasyon jij ki t’ap enstwi dosye a, li estime yon desizyon konsa, vyole dispozisyon konstitisyonèl peyi a.

Toutfwa, konsèy siperyè pouvwa jidisyè (CSPJ) mande pou yo respekte pwosedi legal yo ak endepandans pouvwa a jidisyè a nan kad tretman nan dosye asasina ansyen prezidan repiblik Dayiti a, Jovenel Moise.

Share:

Leave a reply