Komin Mafran, yonn pami tout lòt komin nan Grandans lan ki plis meprize.

964

03 -21-2023

Mafran, Ayiti____(TRiboLAND) Prezidan komisyon kominal Mafran an, Mesye Adam Dupré ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND, denonse gouvenman Ariel Henry la, ki depi li rive sou pouvwa, pa konnen ekzistans komin Mafran ki te ofisyèlman klase nan nivo “komin” sou administrasyon Prezidan Jovenel Moïse lan.

Malgre se komin ki ap kolekte kòb pou pouvwa santral, anretou pa genyen anyen ki retounen sou fòm sèvis pou popilasyon an nan Mafran ki genyen yon idantite istorik.

Meri Mafran, menm jan ak kèk lòt enstitisyon leta, ap fonksyone anba pyebwa; kanta zafè envesti nan ,wout, dlo, kouran sa pa nan ajennda desidè krizokal yo. Mesye Adam Dupré, ale pi lwen pou mande otorite yo pran ti kal konsyans sou fason moun ap viv nan Mafran.

Comments are closed.