Inivèsite Valparezo Pòdpe pa pou vann, daprè Prezidan Konsèy la

65
0
Share:
TRiboLAND

09/24/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Inivèsite Valparezo Pòdpe pa sou okenn pwojè pou vann, daprè sa Prezidan Konsèy Inivèsite a, Ernex Jean Charles, fè konnen. Li rekonèt ansyen Minis Edikasyon Nasyonal la, Antoine Augustin, te genyen nan ajanda li pou apwoche responsab Valparezo yo nan lide pou eksplore yon evantyèl kolaborasyon ant Inivèsite Valparezo ak UPNOPP. Sepandan, daprè Jean Charles, jiskaprezan pa gen okenn planifikasyon konkrè ni akò ki ta konsène vant inivèsite a. Li souliye tou pa gen okenn demach ofisyèl ki deja abouti nan sans sa a. Epi Inivèsite Valparezo pa pou vann tou.

Prezidan Konsèy la eksplike difikilte ki genyen nan peyi a, sitou pwoblèm sekirite ak transpò ayeryen, te afekte fonksyònman Inivèsite Valparezo. Daprè li, plizyè espesyalis ki te konn deplase soti Pòtoprens pou vin bay kou nan Pòdpe pa t kapab kontinye fè deplasman sa yo akoz sitiyasyon an. Pou ane akademik sa a, Konsèy Inivèsite a ap pran dispozisyon pou fasilite prezans divès espesyalis ki kapab vin transmèt konesans yo bay etidyan yo. Objektif la, selon Ernex Jean Charles, se kontinye garanti sèvis edikatif la malgre difikilte peyi a ap travèse.

Ernex Jean Charles rejte lide ki ta vle fè kwè Inivèsite Valparezo nan yon konpetisyon ak UPNOPP. Li prezante de enstitisyon yo kòm de antite ki kapab kolabore nan enterè edikasyon siperyè nan Nòdwès. Li raple Inivèsite Valparezo rete yon patrimwàn prive ki vize sèvi popilasyon an sou plan edikatif, sitou pou pèmèt jèn yo jwenn opòtinite etid nan Pòdpe san yo pa oblije pran risk pou deplase al lòt kote. Daprè Prezidan Konsèy la, misyon inivèsite a pa chita sou fè lajan, men pito sou bay yon kontribisyon nan devlopman edikasyon an, ak yon pri ki rete abòdab pou etidyan yo.

Share:

Leave a reply