Nan okazyon premye Novanm 2025 lan, prezidant asosyasyon vodwizan yo nan Grandans esplike kisa Gede a ye.

229
0
Share:
TRiboLAND

11- 01- 2025

Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Nan okazyon fèt mò yo nan Jeremi, prezidant Asosyasyon Vodwizan yo nan Grandans , pwofesè Pierre Marie Rosemène, ki se alafwa reprezantan Konfederasyon Nasyonal Vodwizan Ayisyen (KNVA), chwazi eksplike ki sa Gede a ye (Brav Gede, Gede Ibo e Grann Brijit e latriye).

Pou prezidant Asosyasyon Vodwizan yo nan Grandans, Gede a se fos envizib, ki konekte ak lavi moun vivan yo. Li se egalman yon sous enspirasyon, parapô ak koneksyon zansèt nou yo ki rete nan lespri chak nan nou ki kwè nan rityèl Gede a..

Sete okazyon pou anprerèz lan, Pierre Marie Rosemène bay divès karakteristik Gede a, ki souvan mache nan tèt moun kap sevi Gede a, men tou li fè diferans ak fo Gede ki genyen okenn sous enspirasyon

Share:

Leave a reply