Fondation TRiboLAND ofri yon inyèm fwa ankò fòmasyon agro-chimi gratis pou jèn vil Pòdpè yo

09/01/2026
Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Fondasyon TRiboLAND anonse òganizasyon yon seminè fòmasyon pwofesyonèl gratis nan domèn agro-chimi, ki vize sitou jèn nan komin Pòdpè. Aktivite sa a ap fèt nan objektif pou bay jèn yo bonjan booster konesans pratik gratis ki kapab ede yo devlope kapasite yo epi kreye aktivite ekonomik pou tèt yo.
Fòmasyon an pwograme pou fèt jedi 3 ak vandredi 4 septanm 2026, soti 8è nan maten pou rive 2è nan aprèmidi nan lokal Enstitisyon Klasik Toussaint Louverture, Ri Monsnyè Lenyen # 6, Pòdpè. Daprè òganizatè yo, enskripsyon ak patisipasyon nan fòmasyon an gratis, sa ki ta dwe pèmèt plis jèn jwenn aksè ak konesans teknik nan yon sektè ki kapab ofri divès opòtinite.
Plizyè pwodwi pral bay pwosesis aprantisaj la jarèt. Pami prensipal modil ki prevwa nan gril pwogramasyon an, patisipan yo pral aprann teknik pou prepare plizyè kalite pwodwi, tankou jèl pou cheve, savon bote, pafen flit, pafen lwil, savon lesiv, ansanm ak divès kalite diven alkolize ki fèt ak fwi lokal, tankou mango, tamaren ak grenadya.
Fòmasyon gratis sa yo kapab pèmèt patisipan yo, non sèlman konprann prensip fabrikasyon pwodwi yo, men tou genyen baz ki nesesè pou yo antre nan ti antreprenarya, sitou nan domèn pwodwi kosmetik ak pwodwi pou itilizasyon chak jou.
Fondasyon TRiboLAND ki gen nan tèt li yon pitit Nodwès, Louis Marie Loussaint ap kontinye sou menm lanse a, depi ane 2019 nan objektif pou chape chovi yo e retire yo sou wout malè pwostitisyon, delenkans juvenil ak aktivite gang.






