Sekirite nan mache piblik yo: Lajistis mande Lapolis mete nouvo mezi sevè nan Pòdpè

02/03/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Otorite jidisyè yo nan Pòdpè pran yon desizyon fò pou ranfòse sekirite nan mache piblik yo. Nan yon lèt ofisyèl ki soti nan Pakè Tribinal Premye Enstans Pòdpè, Komisè Gouvènman Jeir Pierre mande Direksyon Depatmantal Lapolis Nòdwès la pou pran tout dispozisyon nesesè pou pwoteje sitwayen k ap frekante mache yo, sitou machann ak kliyan yo ki souvan ekspoze ak danje nan espas sa yo.
Pami mezi ki anonse yo, gen entèdiksyon fòmèl pou moto sikile anndan mache piblik yo. Desizyon sa a vize diminye risk aksidan ak dezòd ki konn fèt akoz motosiklèt k ap pase nan mitan foul moun. Anplis de sa, otorite yo entèdi tou transpò objè lou sou motosiklèt, tankou fèy tòl, planch, plywood, sak chabon, bwa, sèkèy, bal pay, pakè kann ak lòt materyèl ki ka lakoz gwo domaj sou moun.
Mezi sa yo vini nan yon kontèks kote popilasyon an ap plenyen sou mank sekirite ak dezòd nan mache Pòdpè yo. Komisè Gouvènman an konte sou kolaborasyon lapolis la pou aplikasyon strik desizyon sa yo, nan lide pou garanti yon anviwònman ki pi an sekirite pou tout itilizatè wout piblik yo. Rete pou wè kouman dispozisyon sa yo pral aplike sou teren an ak enpak yo sou lavi chak jou popilasyon an.






