Pòdpè: Lapolis arete 5 bandi chaje ak zam nan machenn yon ansyen depite Nòdwès

0 802

Pòdpè ____(TRiboLAND) Depi kèk tan, anpil gwo tansyon pa sispann miltipliye nan zònn Anbouchi Twa Rivyè nan vil Pòdpè.

Dènye an dat, enfòmasyon konfidansyèl ki vinn jwenn TRiboLAND fè eta de yon gwo operasyon ke otorite yo te efektye vè 4:00 trè apwè midi jodi 27 Avwil la nan anbouchi site Kapwa Lamò a. Responsab PNH yo arive poze lapat sou yon machenn ansyen Depite Nòdwès ki te fè pati 50èm lejislati a.

Machenn sa ki te boure ak 5 bandi gason batayè avèk yon latriye zam pami yo yon galil, te neutralize anba vijilans fòs lòd yo ki konfime absans Depite a nan machenn nan.

Nan moman sa, bandi sa yo twouve yo nan kadavi nan Komisarya Pòdpe a kote ke yap subi gwo enwogatwa.  

Leave A Reply