Direksyon depatmantal agrikilti nan depatman Nòdwès prezante yon bilan mèg pou ane 2021 an.

2,112

Par John Jean Jacques

12/23/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Direksyon depatmantal Agrikilti a nan Nòdwès, ki gen nan tèt li agwonòn Charité Louis, òganize jounen jedi 23 desanb 2021 an yon konferans pou lapwès pou prezante bilan travay enstitisyon agwikòl la pou ane a.

Nan konferans pou lapwès sila a, responsab an chèf direksyon an fè konnen ke rive li kòm direktè ta pwàl amelyore plizyè bagay tankou kesyon transpò an, li te jwenn yon machin ki pat menm fin kòdjòm, deplasman anplwaye yo pat janm yon bagay ki fasil, men pandan ane 2021 an plizyè responsab te rive jwenn mwayen pou ale nan kèk zòn tankou Mòlsennikola, Bonbadopolis ak Bèdeyèn pou’n site sa yo sèlman.

Nan sa ki gen pou wè ak moun, direktè Charité Louis fè konnen ke pandan ti bout tan li an, li entegre kèk pèsonèl teknik ak soutyen ki pèmèt yo bay yon ansanm rezilta. Toujou nan entèvansyon l, Agwonòn nan fè konnen tout moun te konnen ke biwo depatmantal la se nan lari a ke li te ye; men ak konviksyon e kontribisyon anplwaye yo, yo rive dote espas la yon kloti.

Pou kesyon lajan, Agwonòn Louis te klè tankou dlo kòk pou di ke Direksyon depatman Agwikilti Nòdwès la pa gen menm yon sentim ki disponib pou’l ta reyalize pwojè. Yon sèl mwayen leta mete disponib pou yo, se jus pou chanje kawotchou ak achte gaz sèlman.

Akote sa, resposab agwikòl yo te tou pwofite nan konferans sila, onore 4 pami jounalis ki te pwezan tankou: Louis Dieuseul Junior (korespondan Vwad Lamerik ak Radyo Limyè), Étienne Jean-Hérold (korespondan Radyo Mega), Ville Ormetic Wilnick ak kolaboratè jounal anlyin TRiboLAND.com, Corneille Ychmuth ke anpil moun gen abitid rele Rambo pou sipò yo anvè bwàt agwikòl la.

Comments are closed.