Jounalis Lony Derisier nan Tigwav pote yon demanti fòmèl konsènan enfòmasyon kap sikile kòm kwa li ta pibliye foto chèf sekirite meri a kòm chèf Gang.

163
0
Share:
TRiboLAND

08 – 28 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Jounalis korespondan Radyo Dasla, Lony Derisier nan Tigwav, nan yon interview ak laprès jounen jedi 26 dawout 2026 lan, pote yon demanti fòmèl konsènan enfòmasyon kap sikile sou rezo sosyo yo ak radyo tradisyonèl yo, kòm kwa li ta pibliye foto chèf sekirite meri Tigwav la, mesye Boul kòm chèf gang kriminèl.

Lony Derisier deklare sitiyasyon sila rive, se swit ak altèkasyon li te genyen sou plas Dam Tigwav la ak Boul nan okazyon 15 dawout ki te fèt patwonal Nòtredam Tigwav nan kad egzèsis fonksyon li. Jounalis la estime ke yo te agresye li epi kraze telefòn li nan moman li tap fè yon foto. Li fè konnen pou listwa ak laverite, li te pibliye foto sitwayen Boul vrèman kòm moun ki te menase li e agrese li, men li pat pibliye foto a kòm chèf gang kriminèl.

Yon lòt kote, Jounalis korespondan Radyo Dasla a, Lony Derisier ki fè konnen direktè meri Tigwav la te rantre nan demach pou remèt li telefòn nan, selon sa li esplike, genyen twòp move pawòl kap pale nan meri a, li pa bezwen telefòn nan ankò; pandan- l kontinye denonse menas tout kalite li di lap sibi anba responsab sekirite meri Tigwav la, mesye Boul ak pwòch li yo.

Share:

Leave a reply