PDG lekòl kominikasyon COMRATEL la, Jean Étienne pati pou letènite

1,043

03-02-2023

Okap, Ayiti ____(TRiboLAND) PDG COMRATEL, lekòl kominikasyon an nan Okap, Jean Étienne mouri pandan sware premye mas la, nan lopital Sakre Kè Milo.

Aprè yon bon bout tan malad, fòs DG Étienne trayi li; konsa, li bay dènye souf li sou kabann lopital. PDG COMRATEL tout moun konnen sou non “Joe”, ki se mari ansyènn senatris Nò a, Madam Dieudonne Luma Étienne.

Divès kolaboratè ak ansyen etidyan pa sispann voye yon chaj kondoleyans bay fanmiy ak zanmi Jean Étienne. Temwanyàj tout kalite omaj ak konstènasyon inonde tout kwen nan depatman Nò a an siyn rekonesans pou jan defen an te afab ak enpak konsiderab li te genyen sou yon pakèt kolejyen atravè peyi a.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.