Ensekirite sou wout Obòy : Asasen fouye yon pastè, madanm li ak 2 lòt moun

69
0
Share:
TRiboLAND

08/16/2027

NÒDWÈS, Ayiti _____(TRiboLAND) Ensekirite a kontinye ap fè viktim sou wout ki konekte depatman Nò a ak Nòdwès. Dènye zak la fèt sou wout Obòy la, kote yon gwoup moun ame fouye Pastè Norelien Cheler, madanm li ak de lòt moun ki te nan menm machin nan, pandan yo t ap soti Okap pou rantre nan Pòdpe yè samdi 15 dawout 2026 la, vè midi.

Daprè enfòmasyon ki disponib, malfwa yo te rale zam sou pasaje yo, fòse yo rete anba menas pandan yon bon bout tan, anvan yo pran tout sa yo te genyen sou yo. Menm si viktim yo pa t sibi kou oswa blesi fizik, zak la kite gwo tras laperèz sou yo.

Atak sa a vin mete plis presyon sou popilasyon Nòdwès la, sitou nan yon moman kote ensekirite ap pran plis plas sou wout nasyonal nimewo 5. Wout Obòy la, ki vin parèt kòm youn nan pasaj moun itilize pou evite kèk zòn ki pi riske sou wout nasyonal la, pa sanble epanye anba menas bandi yo.

Pou anpil sitwayen nan depatman an, sitiyasyon an vin pi grav paske mouvman moun ak machandiz ant Nòdwès ak lòt depatman yo deja difisil. Yo estime si pa gen yon repons rapid ak efikas, ensekirite sou wout yo kapab gen konsekans dirèk sou lavi ekonomik ak sosyal depatman an.

Popilasyon an mande otorite polisyè yo pran responsablite yo epi ranfòse prezans yo sou aks wout sa yo. Objektif la se mete yon fren nan zak vòl ame ak atak kont moun k ap deplase yo, yon fason pou popilasyon an kapab sikile san laperèz.

Nan yon depatman kote wout yo deja limite, sitwayen yo estime sekirite sou prensipal aks transpò yo dwe vin youn nan priyorite otorite yo. Sinon, ogmantasyon atak sa yo kapab vin tounen yon lòt gwo obstak pou Nòdwès.

Share:

Leave a reply