Popilasyon Pòdpè a pran lari jounen jedi 22 avril 2021 an pou manifeste kont konpayi NATCOM pou fason yo di l ap maltrete abòne l yo

400

04/23/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) Manifestan yo ki t ap pakouri plizè ri nan vil Pòdpè ansuit vizite plizyè kote konpayi saa loje, t ap lanse pawòl pimanbouk kont konpayi initil sa a ki debake, daprè manifestan yo, nan peyi dayiti pou dechèpiye nasyon ayisyèn, ofri tout vye kalite sèvis ansuit vòlò lajan abòne yo ki te deja ap pile dlo nan pilon pou fè bè.

Rive devan biwo Santral NATCOM nan ki twouve l nan ri Dumarsais Estimé, lokal ansyen Teleko, òganizatè manif lan te adrese dirèkteman ak responsab NATCOM yo, ki te deja pase lòd ak tout anplwayè li yo pou abandone biwo yo. Men sa pat anpeche òganizatè yo mande Komisè Gouvènman Pòdpè a ki se Me Bellamin Jean Volney pou l mete aksyon piblik anmouvman kont konpayi piyajè saa ki pa sispann dechalbore popilasyon an.

Se yon Manif ki fini san oken ensidan. Randevou kase pou demen jodi vandredi 23 avril 2021 an, nan pakè Pòdpè, kote popilasyon an deja siyen yon petisyon ki mande karebare pou konpayi NATCOM dedomaje popilasyon ayisyèn nan, Nòdwès anpatikilye, pou tout kalte vye deriv zak malonnètete li komèt kont li.

Nap raple, Natcom ansnm ak malòt li Digicel se 2 konpayi telekominikasyon ki okipe mache a ak yon sèvis “vonvon”, men ki pa soti elaji kad konpetisyon an nan mete tèt ansanm ak leta ayisyen pou degòje popilasyon an.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.