Nan lide pou ranfòse kapasite ekip yo pou fè travay asenisman ak antretyen nan diferan zòn nan site endepandans lan, minis anviwonman mete pye li atè.

08 – 23 – 2026
Gonayiv, Ayiti ____ (TRiboLAND) Ministè anviwonman tanmen kèk aksyon nan vil Gonayiv jounen samdi 22 dawout 2026 lan, nan kad efò kap fèt pou amelyore kondisyon lavi konpatriyòt gonayivyen yo.
Nan kad yon operasyon minis anviwonman an, Valery Fils Aimé mete plizyè materyèl travay disponib pou meri Gonayiv ak direksyon depatmantal anviwonman an, pami yo bataklan sa yo, ou jwen : moto, bourèt, pèl, bale ak pikwa. Materyèl sa yo, genyen pou objektif pou ranfòse kapasite ekip yo pou fè travay netwayaj asenisman ak antretyen nan diferan zòn nan site endepandans lan.
Nap siyale, anmenmtan tou, genyen kèk travay ki tanmen sou wout Dat, kote ekip minis anviwonman an, Valery Fils Aimé, minis travo piblik transpò ak kominikasyon (MTPTC), Joseph Almathe Pierre Louis nan tèt kole ak meri Gonayiv ap kolabore pou amelyore kote ki afekte yo.
Ajoute ak sa, genyen yon pwojè ki sou wout, kote anviwon 100 lanpadè ak pye prevwa plante pou kontribye nan angajman zòn yo.






