Yon delegasyon LONI chita e fè ti bat bouch ak Direktè jeneral a.i PNH la sou evalyasyon sitiyasyon sekirite ijans peyi Dayiti a.

732

07-13-2023

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon kolònn manm ki soti nan depatman ki regle Afè Politik ak Konsolidasyon sekretarya Òganizasyon Nasyon Tèt Kole yo (LONI) antre e chita pale yè mèkredi 12 jiyè a, ak Direktè jeneral a.i PNH, Frantz Elbé sou sitiyasyon sekirite ijans peyi Dayiti.

Bat bouch sila, ki te nesesite prezans delege tankou: Pedro Luis Inchauste Jordan, M.Enrico Formica, Jean Charar, Jaime Vigilte, ki se konseye pwensipal polis Biwo Entegre Nasyon Tèt Kole yo nan peyi Dayiti (BINUH), te maniganse nan kad evalyasyon sitiyasyon sekirite kritik peyi Jan Jak Desalenn nan.

Nan yon parèy chita tande, Frantz Elbé te pwofite fè yon radyoskopi sitiyasyon sekirite peyi a, e soulinye diferan paramèt dispozitif ke enstitisyon polisyè a deja eskonte nan kad batay kont kriminalite group gang sangwen yo anndan peyi a.

Nap soulinye, pandan yon parèy reyinyon vital, ki te anvizaje plizyè gwo pwen, Direktè a.i PNH la, te genyen bò kote li, plizyè kòkòday nan Wo-Kòmandman an.

Comments are closed.