Pati politik Inovasyon fè lansman ofisyèlman yo nan depatman Latibonit lan, jounen lendi 12 fevriye 2024 la.

831

02 – 14 – 2024

Gonayiv, Ayiti__(TRiboLAND) Nan prezans plizyè lidè òganizasyon ak divès lòt manm nan sosyete sivil la, jounen lendi 12 fevriye 2024 la, Joseph Jean Wislet ki se pòt pawòl pati politik Inovasyon, lanse ofisyèlman pati a nan komin Gonayiv, chèf lye depatman an.

Dapwè enfòmasyon korespondan TRiboLAND yo rive rekeyi bò kote pòt pawòl la, ta fè kwè lansman sa a te rive fèt nan objektif pou mete aktivite nan plizyè kòdinasyon nan divès komin nan depatman Latibonit lan.


Poze kesyon pou konnen, èske pati politik Inovasyon deja genyen yon rekonesans legal, pòt pawòl pati a ta konfime pou nou ke, se depi nan lane 2019 Leta rekònèt yo.

Pare pou al patisipe nan eleksyon nan tout nivo, Joseph Jean Wislet ki tap pale fè konnen, yo nan faz kote yap fòme jèn fanm ak jèn gason politikman pou yo al pran pouvwa a.

Comments are closed.