Fenomèn vòlè kabrit nan Wo 12èm seksyon kominal Tigwav, mete peyizan ekonomikman toutouni

176
0
Share:
TRiboLAND

08 – 23 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Kaptè Hilaire Hubert, se non yon sitwayen kap viv nan lokalite Boudo, Wo 12èm seksyon Dèfoug kominal Tigwav. Nan yon tibat bouche ak laprès vandredi 21 dawout 2026 lan; li pa mete dlo nan bouch li pou denonse yon fenomèn vòlè kabrit peyizan yo kap devlope nan kèk lokalite tankou Alèg ak Anba Mòn Piton Kajanno pandan peryòd vakans lan.

Kaptè Hubert deklare, volè pran 5 kabrit pou yon sèl moun nan zòn Alèg nan semèn lendi ki sot pase a; alòske nan menm sware lendi a, vòlè eskanmòtè arive pran 3 lòt kabrit pou yon fanmi nan lokalite Kajanno nan Ma. Mesye Hubert fè konnen, lekòl pral louvri nan kèk jou kap vini la a, lè li konsidere se sou sèl ti kòd kabrit yo ke peyizan mete espwa yo pou regle zafè lekòl piti yo, vòlè yo mete yo alagoni, fwa sa a. Yo deklare, se fini pou yo ! Yo pa konnen ki sen pou yo adrese douvan fènomèn vòlè kabwit sila, ki dechèpiye yon bon valè yo abitan ki pap kapab voye ti lèzanj yo lekòl.

Kaptè Hubert Hilaire mande leta lokal ak santral pou mete “cash for work” (gaye pay) atravè kazèk yo pou akonpaye peyizan yo nan okazyon rewouti klas yo. Li mande egalman pou lapolis vizite peyizan yo nan seksyon yo e ede yo kwape bandi, volè, malfwa ki pa kite yo san souf.

Share:

Leave a reply