97 etidyant ak etidyan resevwa lisans yo nan divès disiplin nan Université International des Sciences Modernes et Apliqueés (INISMA).

42
0
Share:
TRiboLAND

08 – 24 – 2026

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Université International des Sciences Modernes et Apliqueés (INISMA) reyalize jodi dimanch 23 dawout 2026 lan, 6èm pwomosyon seremoni gradyasyon yo nan lokal Louco Night Club Tigwav ki batize AD – ASTRA.

Se yon seremoni ki dewoule an prezans divès pèsonlite nan sistèm edikatif ayisyen an, pami prezan yo : Dr Jean Judson Joseph, sekretè ajans Nasyonal Ansèyman Siperyè ak Rechèch Syantifik (L’ANESRS), marèn 6èm pwomosyon sòtan an, madam Magdala Jean Baptiste, parèn lan se pwofesè Wilfince Monbrum, notè, notab, e fanmi ak zanmi INISMA.

Syans jiridik, Syans administrativ, Jesyon Dèzafè, Syans kontab, Syans edikasyon, Ekòl Nòmal, Jeni Sivil, Achitèkti, Syans Agwonomi ak Anviwonmantal, se kèk disciplin etidyant ak etidyan dekroche Lisans pou yo nan INISMA.

Nan okazyon an, administratè INIVESITE INISMA, mèt Claude Seralien nan diskou li nan sikonstans lan, deklare etidyant ak etidyan yo franchi yon nouvèl etap enpòtan nan pakou pwofesyonèl yo. Mèt Claude Seralien fè konnen, yo pase plizyè ane sakrifis yon fason pou yo aboukle sik 2021- 2026 sila a.

Toutfwa, administratè Université International des Sciences Modernes et Apliqueés (INISMA), mèt Claude Seralien fè konnen pale denstitisyon an, se pale valorizasyon syantifik, teknik, pwofesyonnèl ak Inivèsitè.

Share:

Leave a reply