Direktè EDH branch lokal Tigwav la, denonse atak ki fèt sou li ak tout anplwaye yo

749

01-15-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Direktè EDH branch lokal tigwav la Michaud Senecharles, denonse ak tout fòs li atak endividi ke pèsòn pa rive idantifye ki kraze yon rankont li tap fè avèk anplwaye EDH li yo ak kout wòch. Reyinyon sa a ki tap òganize jodi dimanch 15 janvye 2023 a, te antre nan kad tanmen diskisyon grese sere sou kèk dispozitif pou bonjan fonksyonman biwo administrative EDH.

Direktè Michaud Senecharles ki rekonèt depi 14 -15 dawout popilasyon an,benefisye 2 jou kouran sèlman. Yon parèy sitiyasyon blackout nan vil Tigwav,  prewokipe li anpil kòm responsab.

Malgré demach direktè a, bò kote otorite konpetan yo nan nivo Santral, anyen pa tonbe, nad marinad! Paralèlman, direktè kontinye pou li di ke se chak jou anplwaye li yo ap sibi gwo menas ak presyon anba men moun nan kominote a.

Chèf sant EDH branch lokal Tigwav la, Michaud Senecharles swete otorite Santral yo pran desizyon responsab pou founi Santral Tapyon an kabiran prese–prese yon fason pou redistribiye kouran jan sa te konn fèt avan bay popilasyon Tigwavyèn nan ki pa konnen ki sen pou li rele.

Comments are closed.