Pòdpe : Legliz Advantis 7e Jou Betèl 5 distribye 371 pla cho bay prizonye yo

57
0
Share:
TRiboLAND

08/24/2026

Pòdpe, Ayiti _______(TRiboLAND) Nan yon demach solidarite ak asistans sosyal, Legliz Advantis 7e Jou Betèl 5 distribye vizite prizon sivil Pòdpe a jodi dimanch 23 dawout la, kote li te distribye 371 pla cho bay prizonye yo.

Aktivite sa a fèt nan kad yon aksyon sosyal Depatman Sekou Adventis la, ki angaje l nan divès inisyativ ki vize pote asistans ak sipò bay moun k’ap pase tray.

Distribisyon pla cho yo te kowòdone pa Frè Louima Marco, youn nan responsab legliz la. Dapre òganizatè yo, aktivite a se yon fason pou legliz la manifeste solidarite li ak prizonye yo, pandan l ap pote sipò materyèl ak moral ba yo.

Pandan vizit la, manm legliz la te pran tan pou rankontre ak prizonye yo epi pataje manje avèk yo. Jès sa a montre enpòtans solidarite ak konpasyon nan mitan kominote a, sitou anvè moun ki ap viv nan kondisyon difisil.

Atravè inisyativ sa a, Legliz Advantis 7e Jou Betèl 5 raple angajman li nan sèvis kominotè ak asistans sosyal, pandan li ankouraje lòt sektè nan sosyete a pou yo mete men ansanm pou pote sipò bay moun ki pi vilnerab yo.

371 pla cho distribye, yon jès solidarite ki pote yon ti chalè ak espwa nan mitan prizonye yo nan prizon sivil Pòdpe a, ki anpil fwa nan gwo difikilte pou jwenn moso lamanjay.

Share:

Leave a reply