Lameri chita pale ak divès reprezantan enstitisyon etatik nan vil Tigwav sou ansanm pwoblèm kap brase zantray popilasyon an.

05 – 17 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Katèl majistra enterimè meri Tigwav la, chita pale jodi samdi 16 me 2026 lan, ak reprezantan divès enstitisyon nan vil la, pami yo, travo piblik, ministè agrikilti, lapolis, lajistis, e pwoteksyon sivil sou ansanm pwoblèm kap brase zantray popilasyon an.
Nan chita pale sa a, echanj yo te fèt sou yon ansanm pwoblèm sitwayèn ak sitwayen yo ap konfwonte. Pami pwoblèm sa yo, otorite yo te mete aksan sou rivyè Ladig yo di ki reprezante yon malè pandye ki plane sou tèt popilasyon an epi gade ansanm kòman yo kapab pote yon repons rapid.
Katèl majistra enterimè Tigwav la, reyafime angajman li pou travay nan transparans ak respè mityèl. Li prezante pèspektiv li pou sezon siklonik 2026 lan; mizanplas yon plan estratejik ki vize prepare mekanism, prevansyon risk ak dezas.
Pou klotire rankont lan, otorite yo lanse yon vibran apèl bay leta santral, pou mande yo pran responsibilite yo, nan lide pou pote yon repons definitiv ak pwoblèm rivyè Ladig nan komin Tigwav.






