Ansyen kòdonatè 6èm seksyon kominal Tigwav la, denonse bandi ame kap vòlè san pran souf zannimo abitan yo

1,434

11-08-2022

Tigwav,Ayiti ___(TRiboLAND) Ansyen kòdonatè kazèk Trou Kanari, 6èm seksyon kominal Tigwav la, J0ACHIN alias Tijan, nan yon entèvyou ak jounalis nan Katye Vyalè, lendi 07 novanm 2022 a, pa manke mo pou l denonse nèg ak gwo zam nan men yo, li di ki vin kache kò yo nan milye peyizan yo pou pote ale tout bèt yo rankotre sou pasaj yo tankou: bèf, kochon, kabrit, mouton, lapin, poule e latriye…
.
Ansyen Administratè 6èm seksyon an, deklare peyizan yo pa konnen ki sen pou yo adrese devan fenomèn vòlè sila yo ki tabli kò yo nan zòn riral yo kap fin dechèpiye ti bèt abitan yo, lè li konsidere bèt yo reprezante kanè bank pou peyizan yo. Ansyen kazèk la presize, se kòd bèt yo pou yon peyizan vann pou voye pitit li lekòl epi pran swen li.

Nan sans sa a, kòdonatè kazèk Trou Kanari, 6èm seksyon kominal Tigwav, JOACHIN Saint Jean, lanse apèl bay la polis pou vizite yo nan seksyon kominal yo, yon fason pou ede yo kwape chevalye de nwit yo kap kòche pote ale zannimo e fè elvè yo moute lesyèl pa do.

JOICY Arnold, Tigwav

Comments are closed.