21 Pè nan Legliz Katolik Womèn prete sèman nan aparèy Jistis Pòdpe a

271
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Mèkredi 04 fevriye 2026, pou premye fwa nan listwa aktivite Biwo Ministè Dèkult nan depatman Nòdwès la, yon seremoni sèman relijye dewoule nan Pakè Pòdpè, sou direksyon direktè depatmantal la Ezecias DUCTAN, avèk otorizasyon ofisyèl Ministè Dèkult, 21 Pè nan Legliz Katolik Womèn prete sèman devan otorite jidisyè yo.

Aktivite sa a make yon etap enpòtan nan kolaborasyon ant Leta ak enstitisyon relijyez yo. Nan okazyon seremoni sa a Otorite yo te pwofite okazyon an pou felisite relijye yo, pandan yo te raple yo gwo responsablite moral ak espirityèl yo genyen kòm bèjè pèp Bondye a ak reprezantan Legliz la nan sosyete a.

Yo te soulinye ke misyon prensipal prèt katolik yo se akonpaye fidèl yo nan lafwa, gide pèp la sou chemen verite ak lanmou, epi kontribye aktivman nan pwomosyon lapè, dyalòg ak amoni sosyal. Seremoni sa a vini ranfòse angajman Legliz Katolik la nan travay espirityèl ak sosyal li ap mennen nan depatman Nòdwès la.

Share:

Leave a reply