Nòdwès gang: Charles ensikoni mòtèlman blese nan boukantaj kout zam ak ajan PNH yo nan lokalite “Lasalin”.

826

09-26-2023

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Lapolis nan depatman Nòdwès la fwape yon lòt fwa ankò, ayè lendi 25 septanm 2023 a.

Charles ensikoni, ki tap opere sou non “Lafimen”, jwen lanmò li nan twoke kònn ak ajan UDMO yo nan Site Kapwa Lamò a. Boukantaj kout zam yo te tap makònnen nan lokalite “Lasalin”, 3 seksyon Polen/Lakòn, vè lè 10è 35 pm. Konsa, “Lafimen” te mòtèlman blese.

Dapwè enfòmasyon sal redaksyon nouvèl TRiboLAND rive rekeyi bò kote otorite polisyè yo, yo ta konfime ke Charles alyas, Lafimen, ta yon chèf gang ki tap opere nan vil Gonayiv, ki ta pral nan yon bat zye entegre gang Zòn 4, kap opere nan lokalite Dèyè Letan, nan vil Pòdpè.

N ap raple ou, depi prezans nouvo direktè depatmantal polis branch Nòdwès la, msye Clevens Cetoute, lapolis nan Site Kapwa Lamò a, pa janm chome.



Comments are closed.