Lajistis nan Nòdwès ap chèche Gédéon Joël pou tantativ asasina sou Alifens Wensley

05 – 17 – 2024
Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Gédéon Joël alyas Melifèt sove dejistès aprè Lapolis tap chèche met men sou li jounen jedi 16 me 2024 la, pou tantativ asasina sou neve li, Alifens Wensley pou yon diskisyon ak yon lòt pwòch yo nan zòn Chalè, Pòdpè.
Gédéon Joël bay Wensley divès kout manchèt e koupe zòrèy goch li. Daprè sa Wensley di nan mikwo Laprès, li pat reyaji sou tonton-l pou respè li genyen pou li, men li pat panse si bagay la tap rive nan pwen sa.
Dosye sa ki deja anba men Sibtiti Komisè Gouvènman an, Saintel Gilbert, ap swiv jan se dwe ye. Konsa, deja genyen yon manda ‘chèche Mennen vini” dèyè Gédéon Joël pou zak kriminèl sila.
Alifens Wensley mande pou Lajistis fè sa la lwa mande pou li jwenn jistis paske viv ak bout zòrèy nan peyi Dayiti se pral yon fado pou li ak fanmi-l.






