3 pwezime bandi jwen viza Mèt Bawon anba gachèt komisè Jean Ernest Muscadin nan vil Okay

285
1
Share:
TRiboLAND

01 – 07 – 2024

Okay, Ayiti_____(TRiboLAND) Komisè gouvènman Miragwàn nan kontinye ap make pwen sou gang sangwen yo , patikilyèman nan Gran Sid peyia, vil Okay, kote ke li elaji kad operasyon yo ak yon pwojektè tou limen sou bandi yo ki pa sispann flite yo.

Antouka, pou yon inyèm fwa, chèf pakèt tribinal Miragwàn nan, Jean Ernest Muscadin mete dòmi nan je 3 pwezime kriminèl aprè ke li te blese yo mòtèlman nan lanwit 6 pou rive 7 janvye 2024 la, nan Okay, twazyèm vil peyi a. Annafè yo ki tap feraye nan komin tankou: Disi, Chantal, Kanperen ak Okay, genye yon latriye akizasyon zak kriminèl sou tèt yo; espesyàlman nan komèt vòl, vyòl e zak asasinay.

Anpil obsèvatè rete kwè, komisè depatman Nip lan,  ap eseye elaji kapasite siveyans li nan tout penensil Sid la nèt ale; konsa, yon parèy taktik vize pou eradike gang san sal yo pou letan e pou letènite.

Nap raple, bandi malfektè ki jwen viza mèt Bawon an nan vil Okay, yo rele: Jean Gardy Esterve, alyas « Boudon », Milor, alyas « Pa nan rans », e Kazir Joseph, alyas Jij Depè.

Share:

1 comment

Leave a reply