“K-Navao Valmond” nan tèt kole ak estaf “Valorize Valè Yo”, distribye yon lòt fwa ankò, divès kit ijyenik ak yon anvlòp, bay ti moun ki vilnerab yo.

256
0
Share:
TRiboLAND

Ti moun lari yo, ak ti moun ki nan prizon sivil Pòdpè a, san konte fanm malad yo, benefisye divès kit ijyenik, anvlòp ak manje, se zèv byenfezans estaf “Valorize Valè Yo” ak Ailiv Health Institute nan Florida.

06-16-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) K-Navao Valmond, nan tèt kole ak estaf “Valorize Valè Yo”, pou yon lòt fwa ankò distribye devan plas Katedral Pòdpè a, divès kit ijyenik ak anvlòp ki genyen ti tchotcho pou ti moun lari yo, ak sa ki nan prizon sivil Pòdpè a.

Aktivite sa a, te dewoule nan 2 tan, kote ti moun lari yo ta pral resevwa souvètman, savon, kòlgat, bwòs dan, sandal, tenis, ak yon anvlòp ti tchotcho.

Pou ti moun ki nan prizon sivil Pòdpè a, yo chak ta pral resevwa yon kit ijyenik ki genyen menm eleman nou sot site la yo ak yon anvlòp tchotcho. Malad yo ak medam yo te resevwa egalman kit ijyenik ak alimantè.

Nan sans sa a,estaf “Valorize Valè Yo” remèsye tout fran kolaboratè li yo, patikilyèman “Ailiv Health Institute”, yon lòt fwa ankò pou reyisit bèl aktivite sa a, pandan yo anonse yo pral fè distribisyon nan lopital Imakile Konsepsyon.


Share:

Leave a reply